Event Details Event Details Event Details
Jan
07

7 to 9 Chase The Ace Upcoming

  • Wed, 07th Jan 2026
  • 07:00 PM
  • Online

Description

Pran Chans nou Genyen Jiska 250 000 Goud ou 2,500$CA siw lòtbò, epi vin pran plezi nou Live sou tiktok ak yon line-up ki cho:
BlecksFlex
Deejay Squall
• / Isao Dumas
7 Janvye 2026, live sou tiktok @savaaleofficial
7è pou 9è. Tiraj la a 9è! 7 To 9 Chase the
Ace(Chase Las la) SI
Tike Donasyon Disponib Kounye A! Fok ou gen tikè pou patisipe epi gen chans paw nan
Chase las la.
* Achte sou sit entènèt la siw lòtbò. Kontake nou sou +50940418164 siw ayiti pou tikè paw la!
Ticket yo 500 Goud (Ayiti) $5 (USA-Canada
ak@Lòt peyi)
* Gayan an ap resevwa 10% nan total tikè sware a epi l ap gen chans pou l chase As Pik la pou
gwo pri donasyon an!#Ayiti #grenadyealaso
#ChaseLasLaChallenge #SavaAleOfficial #viral

Performer

Sponsors

Refund Policy

All tickets are nonrefundable. The Pamevent fee is nonrefundable.

FAQ about 7 to 9 Chase The Ace

Bonjou tout moun! Nou se SavaAle ak PartyZone Haiti, se yon plezi pou nou prezante nou dezyèm edisyon gwo mouvman sa a: "7 to 9 Chase the Ace!"

Mouvman an: "7 to 9 Chase the Ace" se yon inisyativ kolaborasyon ant Evènman SavaAle Inc. ak PartyZone Haiti. Se pa sèlman yon evènman, men se yon mouvman ki la pou sipòte jenès Ayisyen an! Objektif nou se ranmase lajan (fundraising) pou envesti nan avni jèn Ayisyen yo.

Kijan l ap fèt? Evènman an ap fèt chak mèkredi de 7è a 9è nan aswè, lap  kòmanse ofisyèlman 7 Janvye 2026! Pandan mouvman sa a, n ap genyen atis, influencers, ak divès pèsonalite ki pral rasanble sou menm banyè pou yo montre bò kote yo ki pi natirèl la—san makiyaj, san efè espesyal. Se yon fason pou nou montre otantisite a.

Patisipe epi Sipòte:

Live yo ap GRATIS pou tout moun gade!

Men, si w ta renmen sipòte mouvman an, oubyen sipòte m kòm patnè w la, ou ka achte yon Tikè Donasyon!

Kòman pou w achte Tikè Donasyon w lan:

Pou moun Lòt Bò Dlo (Diaspora): Sèvi ak lyen mwen mete a.  (Lè kontra a pran efè wap resevwa lyen pèsonèl ou sou mesaj prive)

Pou moun ki Ayiti: Kontakte òganizasyon an dirèkteman sou WhatsApp: +509 40 41 8164

Kisa w jwenn lè w fè yon don? Chak tikè donasyon ba w yon chans pou w patisipe nan tiraj chak semèn nou an kote yon moun ki fè yon don ap jwe jwèt Chase the Ace la! Yon tikèe pou 500 Gooud siw ayiti ou 5$ siw lotbo. Kantite tikè ou achte se kantite fwa sa non ou ap nan tiraj la, nou gen pakè 3 tikè pou mil goud ak 8 tikè pou 2mil goud. Disponib sou sit Savaale a sèlman oubyen pa whatsapp

Gwo Pri: Si donatè a jwenn As Pik la (Ace of Spades), li ranpòte gwo kès la, ki se 250,000 Goud pou moun Ayiti oubyen $2,500 USD pou moun ki nan Dyaspora a! Tout tan yo pa jwenn Las pik la gwo pri patisipasyon an ap ogmante chak semèn.

Ti Pri: Si w ranpòte nenpòt lòt kat, ou jwenn 10% nan tout lajan nou ranmase pandan semèn nan! Sa vle di, n ap genyen 52 gayan nan ane 2026 la!

Kisa Lajan an Fè?

10% nan total don chak mwa a ap ale bay yon jèn Ayisyen nou pral seleksyone ki gen yon gwo pwojè pozitif oubyen ki ap fè yon bon travay nan kominote l.

Rès lajan an ap ale dirèkteman nan Fonds Bousdetid SavaAle (SavaAle Scholarship Funding) pou bay elèv Ayisyen bousdetid, kit yo Ayiti oubyen aletranje, apati ane 2027.

Konklizyon: Ann sipòte jèn Ayisyen yo! Pran tikè w jodi a sou entènèt oubyen pa WhatsApp. Pa bliye bay Kòd Referans pa m lan pou w sipòte m! Mèsi anpil!


Related Events