Bwa Kayiman pa selman yon chapit nan istwa nou, se baz konsyans nasyonal nou.
Nan moman kote Ayiti bezwen wout, limyè ak lespwa, nou envite w patisipe nan yon rasanbleman sakre pou onore
memwa sa ki te pote libète, epi rekonekte ak Lespri Rezistans
ki toujou vivan nan nannan pèp nou.
14 Dawout, nan Lakou La Réserve, JERH (Jeunesse Engagée pour la Renaissance d'Haïti) ap òganize « Festival Bwa Kayiman », yon moman refleksyon, kreyasyon, ak angajman pou revalorize eritaj Bwa Kayiman an.
- Konferans
• Espektak « Jou Bare N »
• Animasyon mizikal
• Ekspozisyon atistik
Se pa sèlman pou n vinn selebre men se pou n vinn pran pozisyon. Paske eritaj nou pa pou jwe, li se zouti pou n refè peyi nou.
Nou dwe refè listwa !!!
14 Dawout 2025
La Réserve, Bwa Kayiman
#2 rue Marcel Toureau Berthé Pétionville Ouest Haiti
Show MapAll tickets are nonrefundable. The Pamevent fee is nonrefundable.