Ou se yon etidyan nan Kaw Academy k ap chèche grandi epi etabli koneksyon ki ka ede w avanse? Pa manke premye evènman networking anpèsòn nou an!
Dimanch 30 Mas, 2025 a 10è nan maten, nap reyalize yon rankont espesyal pou tout etidyan ki nan Depatman Nò. Se chans ou pou:
✅ Rankontre lòt etidyan k ap suiv menm chemen ak ou
✅ Konekte ak pwofesyonèl ki ka gide w ak opòtinite
✅ Pataje eksperyans, aprann epi fè rezotaj
Pa kite chans sa pase! Vin fè pati yon kominote ki kwè nan kwasans ak avansman!
Rezève plas ou kounye a!
Vil Okap Okap Nord Haiti
Show Map1. Kiyès ki ka patisipe nan evènman an?
Tout etidyan Kaw Academy ki ap suiv kou epi ki nan Depatman Nò kapab patisipe.
2. Kote evènman an ap fèt?
Vil Okap – Nap voye detay lokal la apre enskripsyon w.
3. Eske evènman an gratis?
Wi! Evènman an konplètman gratis, men ou dwe rezève plas ou davans paske espas la limite.
4. Ki benefis mwen ka jwenn lè mwen patisipe?
· Rankontre lòt etidyan ak pwofesyonèl
· Agrandi rezo w pou plis opòtinite
· Aprann plis sou kijan pou w reyisi nan domèn ou chwazi a
5. Kisa mwen dwe pote?
Pote bon vibe, kè ou ouvè pou aprann epi si w vle, yon kaye pou pran nòt.
6. Kijan mwen ka jwenn plis enfòmasyon?
Ou ka kontakte nou sou WhatsApp.
7. Eske mwen ka vini ak yon zanmi oswa yon fanmi?
Non, sa entèdi. Evènman sa a rezève sèlman pou etidyan Kaw Academy ki nan Depatman Nò epi ki enskri nan pwogram Google la. Si yon moun pa fè pati pwogram lan, li pa gen dwa patisipe. Tanpri, respekte règleman sa yo pou asire yon bon eksperyans pou tout moun.