Yon pyès teyat pwofesyonèl ki pote tit « On ne part pas en guerre avec une vie qui danse ». Se yon espektak ki mete aksan sou lavi, emosyon, difikilte ak reyalite moun ap viv chak jou. Atravè entèpretasyon aktè yo, mouvman ak ekspresyon atistik, pyès la envite piblik la reflechi sou batay nou mennen, chwa nou fè, blesi nou pote ak fòs nou jwenn pou kontinye avanse. Se yon bèl rankont ant teyat ak refleksyon, kote lavi prezante nan tout konpleksite li, ak espwa ki toujou pèmèt nou kontinye danse malgre eprèv yo.
All tickets are nonrefundable. The Pamevent fee is nonrefundable.
Kilè pyès la ap jwe? Genyen de reprezantasyon:
Madi 24 Novanm 2026 a 4H30 PM.
Mèkredi 25 Novanm 2026 a 4H30 PM
Kote pyès la ap jwe?
Nan Centre Culturel Brésil, ki sitiye nan 168, nan kwen lari Darguin ak Goulard, Place Boyer, Pétion-Ville, Ayiti.
Konbyen tikè a koute?
500gdes (senk san goud).
Kijan pou m rezève plas mwen?
Ou ka eskane kòd QR ki sou afich la pou w fè rezèvasyon w dirèkteman sou whatsapp
👉 https://wa.me/message/LASTKFUQ3JVZE1?src=qr
Kilès ki aktè yo nan pyès la?
Aktè yo se Amos CESAR ak Micaelle CHARLES.